M te byen pase

in #cryptonewshaiti7 years ago

Wikenn sa m pat ka pi byen pase ke sa! m pa souvan renmen slogan men kite m prete slogan moun yo pou m di " mtap byen pase", plaj, pwason boukannen, bon ti van nan lakanpay, twoubadou sou sab lanme san m pa bliye gwog di ki tap koule! Nou te vreman enjoy ak zanmi n yo.

Wikenn lan fini se le pou n retounen nan kapital vin reprann travay, vin kontinye ak aktivite nou sou steemit.
Merci a tout moun ki tap panse ak nou pandan ti tan sa ke n pat aktif, nou tounen vin pataje menm lanmou n te komanse a. Nou vin ankouraje tout moun ki vle fe sikse, tout moun vle avanse nan sa ki bon!